Esdras 8

1. ¶ Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m' soti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou rèy wa Atagzèsès:

2. -(we vèsè pwochen)3 Se te Gèson, chèf branch fanmi Fineas la, Danyèl, chèf branch fanmi Itama a, Atouch, pitit gason Chekanya a, chèf branch fanmi David la, Zekarya, chèf branch fanmi Pareòch la. Zekarya te gen avè l' sansenkant (150) gason yo te konte nan fanmi an.