Resansman 1

1. ¶ Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:

2. -Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt.

3. N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize.

4. N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.

5. Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.

6. Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.

7. Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.

8. Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.

9. Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.

10. Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.

11. Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.

12. Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.

13. Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.

14. Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.

15. Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.

16. Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.

17. ¶ Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,

18. yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,

19. dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.

20. Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

21. Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.

22. Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,

23. yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.

24. Pou branch fanmi Gad la,

25. yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.

26. Pou branch fanmi Jida a,

27. yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.

28. Pou branch fanmi Isaka a,

29. yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.

30. Pou branch fanmi Zabilon an,31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.