Neemi 7

1. ¶ Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.

2. Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pa t' gen tankou l'.

3. Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs le solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouy bò lakay yo.

4. Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pa t' gen anpil moun ki t'ap viv ladan l'. Yo pa t' ankò rebati anpil kay.

5. ¶ Bondye mete nan tèt mwen lide pou m' sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m' fè yon resansman, fanmi pa fanmi. N' al tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m' te jwenn

6. lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.

7. Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:

8. Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,

9. nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,

10. nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,

11. nan fanmi Pakat Moab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil wisandiswit (2.818) moun,

12. nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1254) moun,

13. nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,

14. nan fanmi Zakayi yo, sètsansousant (760) moun,

15. nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,

16. nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,

17. nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,

18. nan fanmi Adonikan yo, sisanswasannsèt (667) moun,

19. nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,

20. nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,

21. nan fanmi Atè yo, katrevendizwit moun, (Anvan sa, Atè te rele Ezekyas)

22. nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,

23. nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,

24. nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,

25. nan fanmi Gabawon yo, katrevenkenz moun.

26. Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatreventwit (188) moun,

27. pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,

28. pou lavil Azmavèt, karannde moun,

29. pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,30 pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,31 pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,32 pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,33 pou lavil Neba, senkannde moun,34 pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,35 pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,36 pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,37 pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,38 pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.